Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 6:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Se pa ti bòs chapant pitit Mari a? Se pa frè Jak, Jòz, Jid ak Simon an? Apa tout sè l yo la avèk nou? Se sa ki fè li te tounen pou yo yon okazyon pou tonbe nan peche.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Prezans Jezi te bay moun yo anpil pwoblèm. Yo t ap di: “Se pa ti bòs chapant la? Se pa pitit Mari a? Se pa frè Jak, Joz, Jida ak Simon an? Apa tout sè l yo ansanm ak nou?”

Gade chapit la Kopi




Mak 6:3
21 Referans Kwoze  

Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li.


E yo t ap di: “Se pa Jésus sa a, fis a Joseph la? Èske nou pa konnen ni manman L, ni papa L? Kijan Li di nou koulye a: ‘Mwen sòti nan syèl la’?”


Jude, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, epi frè la a Jacques, ekri a sa yo ki rele sen nan Bondye, Papa a, epi ki konsève pou Jésus Kri.


Men mwen pa t wè okenn nan lòt apot yo eksepte Jacques, frè a Senyè a.


Beni se sila ki pa chite akoz Mwen menm nan.”


Lè yo te antre nan vil la, yo te ale nan chanm anlè kote yo t ap rete a; sa vle di, Pierre Jean, Jacques André, Philippe, Thomas, Barthélemy, Matthieu, Jacques, ki te fis Alphée a, Simon, Zelòt la, ak Judas, fis a Jacques la.


Te gen osi, fanm ki t ap veye a yon distans. Pami yo se te Marie Magdalène, e Marie, manman a Jacques Le Mineur, avèk Joset, e Salomé.


men nou preche Kris krisifye a, pou Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli.


Judas, se pa Iscariot la, te di Li: “Senyè, kisa menm ki rive ki fè W ap devwale Ou a nou, e pa a lemonn?”


Beni se sila ki pa pran ofans akoz Mwen.’”


Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: “Veye byen, anfan sila a fèt pou tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon.


Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an, a Sila ke lòm meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an, a Sèvitè a chèf yo: “Wa yo va wè e vin leve, Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a, Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.”


Vin kote Sila ki kòm yon wòch vivan te rejte pa lèzòm, men ki chwazi pa Bondye, e presye nan zye Li.


Èske nou pa gen dwa pou nou manje ak bwè?


André, ak Philippe, ak Barthélemy, ak Matthieu, ak Thomas, ak Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée, e Simon, Zelòt la;


Men li te fè yon sinyal avèk men l, pou yo fè silans, e te eksplike yo jan Senyè a te mennen li sòti nan prizon an. Li te di: “ Fè Jacques ak frè yo konnen bagay sa yo.” Konsa, li te pati e te ale yon lòt kote.


Konsa moun yo te bay Li rapò a: “Manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a e vle wè Ou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite