Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 6:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Yo te sòti deyò e yo t ap preche ke moun dwe repanti.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Douz disip yo pati. Y'al mache bay nouvèl la pou tout moun tounen vin jwenn Bondye.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Apot yo ale, yo preche pèp la pou yo repanti.

Gade chapit la Kopi




Mak 6:12
23 Referans Kwoze  

Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di:“Repanti, paske wayòm syèl la pwòch.”


Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.


Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”


Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an.


Mwen di nou: ‘Non’, men amwenske nou repanti, nou tout ap peri konsa.


“Lèzòm Niniv yo va kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman an, e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche. Konsa, veye byen, gen yon bagay pi gran ke Jonas isit la.


Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan.


“Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.”


“Akoz sa a, Mwen va jije nou, O lakay Israël, chak moun selon kondwit li,” deklare Senyè BONDYE a. “Repanti e vire kite tout transgresyon nou yo, pou inikite sa a pa devni yon wòch chite ki pou fè nou tonbe.


men mwen te kontinye deklare premyèman a moun Damas yo, e osi ak moun Jérusalem yo, e answit moun tout rejyon Judée a, e menm ak pèp etranje yo, pou yo ta dwe repanti, vire vè Bondye, e fè zèv ki apatyen ak repantans lan.


“Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a;


Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem.


“Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwa nan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti.”


“Mwen di nou ke menm jan an, va gen plis jwa nan syèl la sou yon pechè ki repanti, ke sou katreven-diznèf moun ki pa bezwen repanti.


“Mwen di nou non, men amwenske nou repanti, nou tout va peri menm jan an.”


Li te di: “Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la.”


Li te kòmanse repwoche vil kote pi fò mirak yo te fèt yo, paske yo pa t repanti.


Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”


Pandan yo t ap kite la, yo te kòmanse ale pami bouk yo, ap preche levanjil la, e te fè gerizon toupatou.


Se vwa a youn k ap kriye nan dezè a, ‘Prepare chemen SENYÈ a; fè wout li dwat.’”


Lè Jésus te fin bay enstriksyon a douz disip Li yo, Li te kite kote sa a pou enstwi e preche nan vil pa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite