Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 4:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Tè a pwodwi rekòlt pou kont li; premyèman flèch, answit tèt la, e apre sa, grenn mi yo nan tèt la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

28 Tou sa, paske se tè a menm ki fè plant yo grandi pou yo donnen. Pou konmanse yo pouse fèy, answit yo pouse flèch, apre sa grenn plen flèch la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

28 Tè a pwodui grenn poukont li; plant lan parèt anvan, apre sa li fè zepi, epi grenn vin plen zepi yo.

Gade chapit la Kopi




Mak 4:28
19 Referans Kwoze  

Annou rekonèt SENYÈ a; annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a. Aparans Li asire tankou solèy k ap leve granmmaten. Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli, tankou lapli prentan k ap wouze latè.


pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye,


Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.


Men lè ble a te vin leve e fòme tèt grenn, zèb pikan yo te parèt tou.


Paske jan tè a fè boujon li vin parèt la, jaden an fè bagay ki simen ladann yo vin pete grandi, konsa Senyè BONDYE a va fè ladwati ak lwanj pete grandi devan tout nasyon yo.


Li te fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen.


Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—


Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.


Li va tankou yon pyebwa ki plante bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li. Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.


Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.


Konsa, l ale sou kabann li nan aswè, li leve lajounen, e semans lan pouse e grandi; kijan sa fè fèt, li menm pa konnen.


Men depi rekòlt la vin prè, byen vit l ap bay li kouto, paske lè rekòlt la rive.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite