Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 2:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Yo pa t kab rive bò kote L akoz foul la. Konsa, yo te retire twati kay la, e lè yo te fin fouye yon twou, yo te lonje palèt la desann sou li avèk mesye paralize ki te kouche a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Men, foul la te kwense anpil, kifè moun yo pat ka pwoche bò kote Jezi. Lè yo wè sa, yo dekouvri do kay la egzakteman sou tèt Jezi. Epi yo file nonm paralize a desann nan twou a, tou kouche sou nat li a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Men yo pa t ka fè paralize a rive devan Jezi poutèt foul la. Konsa yo fè yon twou sou do kay la, kote Jezi te ye a epi yo glise malad la desann ak tout kabann li bay Jezi.

Gade chapit la Kopi




Mak 2:4
3 Referans Kwoze  

Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.


Men san twouve mwayen pou fè l antre akoz foul la, yo te monte sou tèt kay la, e te fè l desann nan yon twou nan kouvèti mitan foul la, devan Jésus.


“Lè nou bati yon kay tounèf, nou va fè yon balistrad ki antoure teras twati a pou nou pa vin koupab de san si yon moun ta vin tonbe.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite