Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 2:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Li te di yo: “Èske nou pa janm li sa ke David te fè lè li te nan bezwen e te vin grangou, li menm avèk moun pa l yo?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Jezi reponn yo: — Eske nou pa janm li sa David te fè yon lè li te bezwen manje pou li menm ak pou moun pa l yo ki te grangou?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Jezi reponn yo: “Èske nou pa li kisa David te fè, lè li menm ak moun ki te avèk li yo te grangou, yo te bezwen manje?

Gade chapit la Kopi




Mak 2:25
11 Referans Kwoze  

Li te pale li: “Kisa ki ekri nan Lalwa a? Kijan ou li li?”


Men konsènan fè ke mò yo leve ankò a, èske nou pa t li nan pasaj liv Moïse la, devan ti bwa brile a, ke Bondye te pale l e te di l: ‘Mwen menm se Bondye Abraham nan, Bondye Isaac ak Bondye Jacob la’?


Te gen sèt frè; epi premye a te pran yon madanm, e li te mouri san fè eritye.


Men konsènan rezirèksyon mò yo, nou pa t li sa ki te pale a nou pa Bondye lè Li di nou:


Jésus te di yo: “Èske nou pa janm li nan Ekriti Sen yo, ‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a, te devni wòch ang prensipal la. Sa te sòti nan Senyè a, e se te yon mèvèy nan zye nou.’?”


Epi yo te di Li: “Ou pa tande kisa timoun sa yo ap di?” Jésus te reponn yo: “Wi, nou pa janm konn li ‘Nan bouch a timoun avèk ti bebe k ap tete yo, nou prepare lwanj pou Ou menm’”?


Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl,


Lè Li te fin fè jèn karant jou avèk karant nwit lan, Li te grangou.


Farizyen yo t ap di Li: “Gade la, poukisa y ap fè sa ki pa pèmi nan Saba”?


Kijan li te antre menm nan kay Bondye a nan tan wo prèt la Abiathar? Jan li te manje pen konsakre a ki pa pèmi pou pèsòn manje sof ke prèt yo, e li te bay li osi a sila ki te avè l yo?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite