Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 2:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 E pèsòn pa mete diven nèf nan ansyen veso kwi; otreman, diven an va pete kwi a e diven an va vin pèdi, ansanm ak kwi a; men diven nèf toujou ale nan veso kwi ki fre.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Pesonn p'ap mete diven fèk fèt pou bouche l' nan vye boutèy. Si ou fè sa, diven an va pete vye boutèy yo epi w'ap pèdi ni diven an ni boutèy yo. Men diven fèk fèt dwe bouche nan boutèy nèf.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Menm jan an tou, pèsòn p ap pran diven nouvo pou l mete l nan yon vye barik. Si yon moun ta fè sa, l ap pèdi ni barik la ni diven an. Vye barik la ap pete, diven an ap tonbe. Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. Konsa barik la ak tout diven an ap konsève.”

Gade chapit la Kopi




Mak 2:22
9 Referans Kwoze  

Men gade, lestonmak mwen tankou diven san mwayen respire; tankou po diven nèf, li prèt menm pou pete.


Ke kè m kapab san tò nan règleman Ou yo, pou m pa vin desi. KAPH


Sepandan, mwen vin tankou yon vye kwi diven k ap pran lafimen, Mwen pa bliye règleman Ou yo.


Ni moun pa mete diven nèf nan po kwi ansyen, sinon po a ap fann, diven an va tonbe, e ansyen po a va gate. Men yo mete diven nèf nan po nèf pou tou de kapab konsève.”


“Pèsòn pa koud yon moso twal ki poko lave sou yon vye rad, pou lè l fin lave, twal nèf la pa sere e separe de li; nèf la va kite ansyen an, e rad la va vin chire pi mal.


Konsa, li te vin rive ke pandan Li t ap pase nan chan sereyal yo nan Saba a, pandan disip Li yo t ap ale, yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal.


Kwi diven sa yo lè nou te plen yo, yo te tounèf; epi gade, yo vin chire. Epi rad nou avèk sapat nou epwize akoz vwayaj la ki te tèlman long.”


yo menm, osi, yo te aji avèk riz. Yo te pati kòm reprezantan a pèp la. Yo te mete vye makout sou bourik yo, avèk ansyen kwi diven epwize ki te chire e rekoud,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite