Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 15:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Chèf prèt yo te akize L byen sevè sou anpil bagay.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Chèf prèt yo te depoze anpil plent sou do li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Chèf prèt yo mete anpil akizasyon sou Jezi.

Gade chapit la Kopi




Mak 15:3
11 Referans Kwoze  

Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande. E nan bouch mwen, pa gen repons.


Li te vin oprime e aflije; malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li. Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa, e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila k ap taye lenn li yo, konsa Li pa t ouvri bouch Li.


Lè Li te akize pa chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo, Li pa t reponn.


Pilate te kesyone L: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Li te reponn yo e te di li: “Se ou ki di l.”


Pilate t ap kesyone L toujou. Li te di: “Kòmsi Ou pa reponn? Ou pa wè konbyen akizasyon y ap pote kont Ou?”


Men Jésus pa t reponn anplis, jiskaske Pilate te etone.


Akoz sa a, Pilate te fè yon efò pou lage Li, men Jwif yo te kriye fò epi te di: “Si ou lage nonm sila a, ou pa zanmi a César. Nenpòt moun ki fè kòmsi se yon wa li ye, se lènmi a César.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite