Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 15:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Lenskripsyon avèk detay akizasyon kont Li an te di: “Wa a Jwif yo”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo!

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Sa yo te ekri kòm rezon kondanasyon: nonm sa a, se li menm ki wa Jwif yo.

Gade chapit la Kopi




Mak 15:26
14 Referans Kwoze  

Men pou Mwen menm, Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, mòn sen Mwen an.


Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa. Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.


Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a; Li vire l kote Li vle.


Men se pa sa ki entansyon li; ni plan an pa konsa nan kè l. Men pito bi li se pou detwi e koupe retire nèt pami anpil nasyon.


ki deklare lafen depi nan kòmansman e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo. Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”


Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.


“Kote sila ki fèt Wa a Jwif yo a? Nou gen tan wè zetwal Li nan pati lès la, e nou vini pou adore Li.”


Yo te plase anwo tèt Li akizasyon ki te kont Li an ki te di: “SA SE JÉSUS WA JWIF LA”.


Pilate te kesyone L: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Li te reponn yo e te di li: “Se ou ki di l.”


Konsa,yo te krisifye de vòlè avè L; youn sou men dwat Li, e youn sou men goch Li.


“Kite Kris sa a, Wa Israël La, desann kwa a koulye a pou nou kapab wè e kwè!” Sila ki te krisifye avèk Li yo t ap ensilte L menm jan an.


Sepandan, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t dakò tande Balaam. Men SENYÈ a, Bondye nou an, te vire madichon an pou l devni yon benediksyon pou nou akoz SENYÈ nou an renmen nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite