Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 15:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Akoz ke li te vle satisfè foul la, Pilate te lage Barabbas pou yo. Lè li te fin fè yo bat Jésus ak fwèt, li te livre L, pou L ta krisifye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Pilat te vle fè pèp la plezi: li lage Barabas ba yo. Apre li fin fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt li bay sòlda yo pou y'al kloure l sou yon kwa.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Nan sousi pou fè foul la plezi, Pilat lage Barabas. Epi li livre Jezi bay sòlda pou y al krisifye l, apre l te fin fè yo bat li byen bat.

Gade chapit la Kopi




Mak 15:15
17 Referans Kwoze  

Konsa, Pilate te pran Jésus epi te bat Li ak fwèt.


Konsa, li te lage Barabbas pou yo; men li te fè yo bat Jésus avèk fwèt, epi li te livre Li pou L te krisifye.


Mwen te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo, ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo; Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache.


Epi y ap moke L, krache sou Li, bay Li gwo kout fwèt, e touye L. Twa jou pita, L ap resisite.”


Lakrent a lòm mennen yon pèlen; men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.


Labourè yo te laboure chan yo sou do m. Yo fè tranch tè yo vin pi long.”


Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.


Konsa, li te livre Li pou krisifye. Yo te pran Li, epi te mennen L ale.


Leve anwo syèl yo, O Bondye. Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.


Men mwen pa t wè okenn nan lòt apot yo eksepte Jacques, frè a Senyè a.


Men Festus ki te vle plè Jwif yo, te reponn Paul. Li te di: “Èske ou dakò pou monte Jérusalem pou pase nan jijman devan mwen sou chaj sila yo?”


Men apre dezan te pase, Félix te ranplase pa Porcius Festus, e pou te jwenn favè ak Jwif yo, li te kite Paul anprizone.


Lè yo fin bat Li avèk fwèt, yo va touye Li. Epi nan twazyèm jou a, l ap leve ankò.”


Konsa, y ap livre Li a payen yo pou yo ka moke L e bay Li kout fwèt, e y ap krisifye Li. Epi nan twazyèm jou a, L ap leve.”


Men Pilate t ap di yo: “Poukisa? Ki mal Li fè?” Men yo te rele pi fò: “Krisifye Li!”


Konsa, mwen va pini Li, epi lage Li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite