Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 12:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Epi li voye yon lòt. Sila a yo te touye. E anpil lòt; kèk yo te bat, e kèk yo te touye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik, yo touye si la a. Li voye anpil lòt ankò: gen sa yo bat, gen sa yo touye.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Li voye yon lòt sèvitè, kiltivatè yo touye l. Mèt jaden an voye plizyè lòt; gen ladan yo, yo bat; gen lòt yo touye.

Gade chapit la Kopi




Mak 12:5
11 Referans Kwoze  

Malgre sa, Ou te sipòte yo pandan anpil ane, epi te avèti yo pa Lespri Ou, pa pwofèt Ou yo. Sepandan, yo te refize bay zòrèy yo. Akoz sa, Ou te livre yo nan men a pèp nasyon yo.


Konsa, rès yo te sezi esklav li yo, e te maltrete e touye yo.


“O Jérusalem, Jérusalem, ki touye pwofèt yo e asasine sila ki te voye a li menm yo avèk kout wòch! Konbyen fwa Mwen te vle rasanble nou ansanm, kon yon poul rasanble pitit li anba zèl li, men nou pa t vle.


Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.


Ankò li te voye yon lòt esklav. Yo te blese li nan tèt, e te maltrete l byen maltrete.


“Li te gen youn anplis, yon fis byeneme. Konsa, an dènye lye, li te voye li bay yo. Li te di: ‘Yo va respekte fis mwen an’.


Men Mwen di nou Élie vrèman gen tan vini, e yo te fè l sa ke yo te pito, jan ke sa ekri sou li a.”


“Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite