Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 11:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Si yon moun di nou: ‘Poukisa n ap fè sa?’, di l: ‘Senyè a gen bezwen li’. Konsa, l ap voye l vini isit la.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Nenpòt moun ki mande nou poukisa n'ap fè sa, nou mèt reponn: Se Mèt li ki bezwen li. Epi l'a voye ti bourik la retounen touswit.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Si nenpòt moun ta mande nou sa n ap fè konsa? Reponn li konsa: Mèt la bezwen prete l. L ap voye l retounen tousuit.”

Gade chapit la Kopi




Mak 11:3
11 Referans Kwoze  

Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo. Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an; ak jennes Ou, tankou lawouzaj gran maten an.


Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann; lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.


Li te di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Pandan n ap antre, nou ap twouve yon ti bourik mare, ki poko menm monte. Demare li e mennen l isit la.


Yo te ale, e te twouve yon ti bourik mare toupre pòt la, deyò nan lari a, e yo te demare li.


Li menm va montre nou yon gran chanm anlè, byen founi e prè. Prepare pou nou la.”


Yo te priye, e te di: “Ou menm, Senyè ki konnen kè tout moun, montre nou kilès nan de zòm sa yo Ou chwazi a,


Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.


Ni li pa sèvi pa men moun kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.


Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite