Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 11:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Pou sa, Mwen di nou, pou tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l deja, n'a wè sa rive vre.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Se poutèt sa m ap di nou, kèlkeswa sa nou mande nan lapriyè, kwè nou gen tan jwenn li, epi n ap jwenn li.

Gade chapit la Kopi




Mak 11:24
14 Referans Kwoze  

“Ankò Mwen di nou ke si de nan nou dakò sou latè sou nenpòt bagay ke yo mande, li va fèt pou yo pa Papa M ki nan syèl la.


Epi tout sa nou mande nan lapriyè e kwè, nou va resevwa li.”


“Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo.


“Konsa, nenpòt bagay ke nou mande nan non Mwen, M ap fè li pou Papa a kapab resevwa glwa nan Fis la.


Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou.


Konsa, kite sila ki pale an lang lan priye pou li kapab osi entèprete li.


Pou sa a, nenpòt ke nou mande, nou va resevwa de Li, paske nou kenbe kòmandman Li yo, epi fè bagay yo ki fè plezi devan zye Li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite