Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 10:48 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

48 Konsa, anpil moun t ap pale ak li sevèman pou li ta pe la, men li te kriye pi fò: “Fis a David la: gen pitye pou mwen!”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

48 Anpil moun t'ap kouri dèyè l pou te fè l pe bouch li, men li t'ap rele pi rèd: — Pitit David la, gen pitye pou mwen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

48 Yon pakèt moun t ap fè presyon sou avèg la pou l pe bouch li, men li rele pi fò ankò, “Pitit gason David la, tanpri pote m sekou!”

Gade chapit la Kopi




Mak 10:48
15 Referans Kwoze  

Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.


Sila yo ki t ap dirije chemen an t ap pale sevèman avè l pou fè silans; men li te kriye pi fò, “Jésus, Fis a David la, Fè m gras!”


Pandan Li t ap pale, moun yo te rive sòti lakay ofisye sinagòg la. Yo te di l: “Fi ou a gen tan mouri; ou pa bezwen twouble Mèt la ankò”.


Men moun yo te pale ak yo sevèman pou yo sispann pale, men yo rele pi fò: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la”.


Apre sa, yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.


Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou.


Epi anplis, lanmou dous se pou Ou, O Senyè. Paske Ou bay rekonpans a lòm selon zèv li yo.


Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.


Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou gras Fis a David la!”


Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite