Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 10:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Yo te di: “Moïse te bay dwa pou yon mesye ekri yon sètifika pou l divòse ak li, epi voye l ale.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Yo di l: — Moyiz te pèmèt pou yon nonm ekri madanm li yon papye divòs anvan pou l kite avèk li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Farizyen yo di: “Moyiz pèmèt yon nonm ekri yon papye divòs pou li kite ak madanm li.”

Gade chapit la Kopi




Mak 10:4
7 Referans Kwoze  

Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila Mwen te voye manman ou ale a? Oswa èske Mwen te vann ou bay ou yo? Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo, e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo.


Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.


Konsa, Joseph, mari li, ki te yon nonm dwat, pa t vle fè l wont. Pou sa a, li te pran desizyon pou mete l sou kote an sekrè.


Yo te mande L: “Ebyen, poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”


Konsa, Li te reponn li e te di: “Kisa Moïse te kòmande nou?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite