Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Lik 22:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 paske Mwen di nou, Mwen p ap janm manje li ankò, jiskaske li vin akonpli nan wayòm Bondye a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Paske, m'ap di nou sa: mwen p'ap janm manje l ankò jouk jou la pran sans li nèt vre nan peyi kote Bondye Wa a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Paske m ap di nou sa, mwen p ap janm manje yon manje Pak kon sa ankò, jouktan l a pran tout sans li nèt nan Wayòm Bondye a.”

Gade chapit la Kopi




Lik 22:16
11 Referans Kwoze  

Beni se esklav sila yo ke mèt la va twouve k ap byen veye lè l vini. Anverite Mwen di nou keli va mare senti li pou sèvi yo. Li va fè yo repoze sou tab la, e li va vini pou bay yo sèvis.


Lè youn nan sila ki te chita sou tab avèk Li yo te tande sa, li te di Li: “Beni se tout moun ki va manje pen nan wayòm Bondye a!”


Li te di yo: “Mwen te seryezman anvi manje Pak sa a avèk nou avan Mwen soufri;


Paske Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen an depi kounye a jiskaske wayòm Bondye a vini.”


pou nou kapab manje e bwè sou tab Mwen nan wayòm Mwen an. Konsa, nou va chita sou douz twòn yo pou jije douz tribi Israël yo.


“Pa travay pou manje k ap peri, men pou manje k ap dire jiska lavi etènèl, ke Fis a Lòm nan va bay nou. Pwiske sou Li, Papa a, Bondye menm, gen tan mete so Li.”


pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a.


Answit, zanj lan te di mwen: “Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vrè pawòl a Bondye.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite