Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Lik 17:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 “Fè atansyon! Si frè nou peche, reprimande l; e si li repanti, padone l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Veye kò nou byen. — Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman li, padonnen li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Fè anpil atansyon ak pwòp tèt nou. Si frè ou fè peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman, padone l.

Gade chapit la Kopi




Lik 17:3
18 Referans Kwoze  

Kite moun ladwati yo frape mwen. Konsa, li dous. Kite li korije mwen. L ap tankou lwil ki koule sou tèt la. Pa kite tèt mwen refize li, paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.


Veye nou, pou nou pa fè okenn akò avèk sa yo k ap viv nan peyi kote nou prale a, oswa sa va devni yo pèlen nan mitan nou.


Yon repwòch antre pi fon nan moun bon konprann nan pase anpil kou sou yon moun ensanse.


Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.


Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou; repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.


“‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.


Apre sa, Pierre te vin kote L e te mande L: “Senyè, konbyen fwa frè m kapab peche kont mwen pou m toujou padone l? Jis sèt fwa?”


Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman.


Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj.


“Pou sa, veye tèt nou, akoz ke nou pa t wè okenn fòm nan jou ke SENYÈ a te pale avèk nou nan Horeb la, soti nan mitan dife a,


Pou sa, veye nou, pou nou pa bliye akò a SENYÈ a, ke Li te fè avèk nou, e fè pou nou menm yon imaj taye nan okenn fòm kont sila SENYÈ Bondye nou an, te kòmande nou an.


“Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo.


Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi.


Frè m yo si yon moun pami nou vin egare e kite verite a, men yon lòt fè l retounen,


Veye nou menm pou nou pa pèdi sa ke nou gen tan fin reyalize a, men pou nou resevwa tout rekonpans lan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite