Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Lik 14:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, Jésus te reponn e te pale avèk avoka ak Farizyen yo. Li te mande: “Èske se pèmi pou geri nan Saba a oubyen non?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Jezi pran lapawòl, li mande dirèktè lalwa ak farizyen yo: — Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Jezi pran lapawòl, li poze doktè lalwa yo ansanm ak Farizyen yo kesyon sa a: “Èske lalwa pèmèt moun fè gerizon nan jou repo a, oubyen non?”

Gade chapit la Kopi




Lik 14:3
10 Referans Kwoze  

Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: “Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?” Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li.


Men lè Farizyen yo te wè sa, yo te di Li: “Gade, disip Ou yo fè sa ki pa pèmi nan yon jou Saba.”


Youn nan yo, yon avoka, te kesyone L pou pase l a leprèv.


Li te di yo: “Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye”? Men yo te rete an silans.


Epi la devan li, te gen yon nonm ki t ap soufri avèk maladi kò anfle.


Men yo te rete san pale. Li te kenbe li, geri li, e te voye l ale.


Jésus te di yo: “Mwen mande nou, èske se pèmi nan Saba a, pou fè byen, oubyen pou fè mal? Pou sove yon vi, oubyen pou detwi li?”


Si yon moun resevwa sikonsizyon nan Saba a, pou anpeche lalwa Moïse la vyole, èske nou fache avè M akoz ke Mwen te fè yon moun geri nèt nan Saba a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite