Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Lik 13:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Li te reponn pou di l: ‘Kite li nan plas li mesye, pou lane sila a toujou, jis lè ke m fouye tè otou de li pou mete angrè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Men, jeran an reponn li: Mèt, kite l fè lanne sa a ankò. Mwen pral fouye yon twou fè wonn nan pye l, m'ap mete fimye ladan li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Men sèvitè a reponn: Mèt, bay pye fig la yon ane ankò pou nou wè. M ap fouye twou toutotou li epi m ap mete fimye nan rasin ni.

Gade chapit la Kopi




Lik 13:8
17 Referans Kwoze  

Akoz sa, Li te di Li ta detwi yo, men se te Moïse ki te kanpe nan brèch la devan Li, pou detounen kòlè Li pou l pa t detwi yo.


Li te di: “Si koulye a mwen twouve favè nan zye Ou, O Senyè a, mwen priye, kite Senyè a ale ansanm nan mitan nou, malgre pèp la se tèt di. Padone inikite nou, peche nou, e pran nou kòm pwòp posesyon pa Ou.”


Alò, SENYÈ a te di mwen: “Menm si Moïse ak Samuel te kanpe devan M, kè M pa t ap avèk pèp sa a. Voye yo sòti nan prezans Mwen! Kite yo ale nèt!


Èske se ak mal ke yon moun dwe rekonpanse pou sa ki bon? Paske se yon fòs yo fin fouye pou mwen. Sonje kijan mwen te kanpe devan Ou, pou pale sa ki bon pou yo menm, pou m ta ka fè kòlè Ou vire kite yo.


Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo, kriye antre galri a ak lotèl la, kite yo di: “Epagne pèp Ou a, O SENYÈ! Pa fè eritaj Ou a vin yon repwòch, yon vye mò pami nasyon yo. Poukisa nasyon yo ta dwe di: “Kote Bondye Yo a ye?”


Konsa, li te di a jeran chan rezen yo: ‘Gade, depi twa lane m ap vini la pou chache fwi, sou pye sila a, san twouve anyen. Koupe retire li nèt! Poukisa menm l ap okipe espas tè a?’


Si li pote fwi lane pwochèn, sa bon, men si sa pa fèt, koupe l jete.’”


Li initil ni pou tè a, ni pou fimye a; fòk li jete. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.”


Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove.


Men pou si l ta ka vin fèt (ke pa yon mwayen oswa yon lòt), si mwen ta kapab eksite pwòp pèp mwen an a jalouzi, pou m ta kapab sove kèk, mwen ta fè l.


Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite