Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 9:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Alò, Aaron te leve men li anlè vè pèp la e li te beni yo. Konsa, li te desann lè l te fin fè ofrann peche a, ofrann brile a ak ofrann lapè yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Arawon leve men, li beni pèp la. Lè li fin fè sakrifis pou peche a, sakrifis yo boule nèt la, sakrifis pou pwosperite a, li desann.

Gade chapit la Kopi




Levitik 9:22
16 Referans Kwoze  

Li te kanpe e te beni tout asanble Israël la avèk yon gwo vwa. Li te di:


Fis a Anram yo: Aaron avèk Moïse. Epi Aaron te mete apa pou l te kab sanktifye li kote ki pi sen pase tout kote a, li menm avèk fis pa li yo jis pou tout tan, pou brile lansan devan SENYÈ a, pou fè sèvis pa Li, e pou beni nan non Li jis pou tout tan.


Konsa, wa a te vire fas li pou te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble a te kanpe.


Non li va dire jis pou tout tan. Non li va la toutotan solèy la ap briye a. Tout lezòm va beni pa li. Tout nasyon yo va rele li beni.


Epi Moïse te egzamine tout travay la, e gade byen, konsa yo te fè li; jis jan ke SENYÈ a te kòmande a, se sa yo te fè. Epi Moïse te beni yo.


SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:


Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.


Li te mennen yo deyò jiska Béthanie, e Li te leve men L yo, e te beni yo.


“ Bondye te leve sèvitè Li a, e Li te voye Li kote nou avan, pou beni nou lè l fè chak en de nou vire kite mechanste nou yo.”


Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.


Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a.


“Alò, prèt yo, fis a Levit yo, va pwoche toupre, paske SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi yo pou sèvi Li e pou beni nan non SENYÈ a; chak kont, chak ka blese, se yo menm k ap regle yo.


Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite