Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 9:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Grès la, ren yo avèk gwo mòso fwa ofrann peche a, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Lè l fini, li pran grès la, wonyon yo, mas grès ki te sou fwa a, li mete yo boule sou lotèl la jan Senyè a te bay Moyiz lòd la.

Gade chapit la Kopi




Levitik 9:10
13 Referans Kwoze  

Sakrifis a Bondye yo se yon espri ki kraze. Yon kè brize e ki repantan, O Bondye, Ou p ap meprize l.


Ou va pran tout grès ki kouvri zantray yo, avèk gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo ak grès ki sou yo a, e ou va ofri yo anlè nan lafimen sou lotèl la.


Ban m kè ou, fis mwen an; kite zye ou fè kè kontan nan chemen mwen yo.


Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.


Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.


Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo; se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a. “Men, anvè sila Mwen va gade; sila ki enb ak kè ki repanti a, e ki tranble devan pawòl Mwen yo.


Men chè a avèk po a, li te brile yo avèk dife deyò kan an.


Fis Aaron yo te prezante san an ba li. Li te fonse dwèt li nan san an, li te mete kèk sou kòn lotèl la, e li te vide rès san an nan baz lotèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite