Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 8:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Alò, Moïse te fè ojis sa ke SENYÈ a te kòmande li a. Lè asanble a te fin reyini nan pòtay tant asanble a,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Moyiz fè sa Senyè a te ba li lòd fè a, epi tout pèp la sanble devan pòt kay Randevou a.

Gade chapit la Kopi




Levitik 8:4
19 Referans Kwoze  

Anplis, avèk materyo ble, mov, e wouj, yo te fè vètman tise byen fen pou fè sèvis nan lye sen an, menm jan avèk vètman sen ki te pou Aaron yo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Yo te mare pyès lestomak la avèk wondèl li yo ak wondèl ki te pou efòd la avèk kòd ble, pou li te sou bann tise a nan efòd la, e pou pyès lestomak la pa t vin lage nan efòd la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


ki te toujou youn aprè lòt, yon klòch, ak yon grenad toutotou sou woulèt abiman sèvis la, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.


epi sentiwon avèk twal fen blan an ak materyo ble, mov, e wouj, travay a yon tiseran, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Bann ki te sou li a, ki te tise byen fen, te fèt menm jan tankou li avèk menm materyo yo: an lò avèk ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan byen tòde, jis jan ke Bondye te kòmande Moïse la.


Konsa, li te plase yo sou pyès zepòl nan efòd la, tankou pyè pou sonje fis a Israël yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Apre sa, Moïse te fè fis Aaron yo pwoche. Li te abiye yo avèk tinik yo, mare senti yo avèk sentiwon an twal yo e mare kas yo sou yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Men towo a avèk po li ak chè li, ak watè li, li te brile yo nan dife a deyò kan an jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Moïse te pran pwatrin nan, e li te prezante li kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a. Sa te pati pa Moïse nan belye òdinasyon an, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


epi reyini tout asanble a nan pòtay tant asanble a.”


Nan pòtay tant asanble a, anplis, nou va rete lajounen kon lannwit pandan sèt jou pou kenbe lòd SENYÈ a pou nou pa mouri: paske se konsa mwen resevwa lòd la.”


Moïse te di asanble a: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande pou fè yo.”


Li te plase plastwon an sou tèt li. Sou plastwon an, pa devan, li te mete plak an lò a, kouwòn sen an, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”


Paske mwen te resevwa soti nan Senyè a sa ke m te livre bannou an, ke Senyè a Jésus, nan nwit ke Li te trayi a, te pran pen an.


Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo,


“Nenpòt sa ke m kòmande nou , se sa a pou nou fè. Nou p ap ni mete sou li, ni retire ladan l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite