Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 8:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 epi reyini tout asanble a nan pòtay tant asanble a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Apre sa, w'a rele tout pèp la pou yo sanble devan pòt kay Randevou a.

Gade chapit la Kopi




Levitik 8:3
16 Referans Kwoze  

Konsa, David te rasanble tout Israël ansanm, soti nan Sichor nan Egypte jis rive nan antre Hamath, pou pote lach Bondye a soti Kirjath-Jearim.


Konsa, David te rasanble tout Israël Jérusalem pou pote fè monte lach Bondye a nan plas ke li te prepare pou li a.


Alò, anpil moun te rasanble Jérusalem pou selebre Fèt Pen San Ledven an nan dezyèm mwa a, yon asanble ki te trè trè gran.


Paske wa a avèk chèf pa li yo ak tout asanble Jérusalem nan te pran desizyon pou selebre Pak la nan dezyèm mwa a.


Tout asanble Juda a te rejwi avèk prèt yo ak Levit yo ak tout asanble ki te sòti an Israël la, ni vwayajè ki te sòti nan peyi Israël yo ansanm ak sila ki te rete Juda yo.


Apre, Salomon te rasanble nan Jérusalem ansyen Israël yo, ak tout chèf a tribi yo, chèf lakay papa zansèt a fis Israël yo, pou mennen fè monte lach SENYÈ a sòti andeyò vil David la, ki se Sion.


Epi Wa Salomon avèk tout asanble Israël ki te rasanble avèk li devan lach yo, t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab kontwole ni konte.


Konsa, tout pèp la te rasanble kon yon sèl moun nan plas ki te devan Pòtay Dlo a. E yo te pale ak Esdras, skrib la, pou mennen liv lalwa Moïse la ke SENYÈ a te bay a Israël la.


Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti nan gran asanble a; Mwen va akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.


Epi prèt la ki pwoklame li pwòp la va prezante nonm kap vin pirifye a, ak bagay sa yo, devan pòtay Tant Asanble a.


“Pran Aaron ak fis li yo avè l, avèk vètman yo, lwil onksyon an, towo ofrann peche a, de belye, ak panyen pen san ledven an,


Alò, Moïse te fè ojis sa ke SENYÈ a te kòmande li a. Lè asanble a te fin reyini nan pòtay tant asanble a,


“Pran baton an. Ou menm avèk frè ou a, Aaron, rasanble kongregasyon an e pale avèk wòch la devan zye yo, pou li kapab bay dlo pa li. Konsa, ou va fè dlo parèt pou yo sòti nan wòch la e kite kongregasyon an avèk bèt yo bwè.”


Soti la, yo rive jis nan Beer, ki se pwi kote SENYÈ a te di Moïse, reyini pèp la pou Mwen kapab bay yo dlo a.”


Alò, ou va prezante Levit yo devan Tant Asanble a. Ou va osi rasanble tout kongregasyon a fis Israël yo.


Lè jou Pannkòt la te rive, yo tout te ansanm nan yon sèl plas.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite