Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 8:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Answit, li te prezante dezyèm belye a, belye òdinasyon an. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Apre sa, Moyiz fè mennen lòt belye mouton an, belye ki pou sèvi nan seremoni pou mete prèt yo apa pou Senyè a. Arawon ak pitit gason l yo mete men yo sou tèt li.

Gade chapit la Kopi




Levitik 8:22
10 Referans Kwoze  

“Pran Aaron ak fis li yo avè l, avèk vètman yo, lwil onksyon an, towo ofrann peche a, de belye, ak panyen pen san ledven an,


Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot.


Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li,


Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon.


E pou koz a yo menm, Mwen vin sen Mwen menm, pou yo menm kapab vin sen nan laverite.


Moïse te pran pwatrin nan, e li te prezante li kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a. Sa te pati pa Moïse nan belye òdinasyon an, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.


Sa se lalwa pou ofrann brile a, ofrann sereyal, ofrann peche, ofrann koupabilite, ofrann òdinasyon ak sakrifis ofrann lapè yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite