Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 8:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Pran Aaron ak fis li yo avè l, avèk vètman yo, lwil onksyon an, towo ofrann peche a, de belye, ak panyen pen san ledven an,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 — Pran Arawon ak pitit gason li yo avè ou. W' a pote rad seremoni yo, lwil konsekrasyon an, towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la, de belye mouton yo ak panyen pen san ledven yo tou.

Gade chapit la Kopi




Levitik 8:2
15 Referans Kwoze  

ki pa bezwen chak jou, tankou wo prèt sila yo, ofri sakrifis, premyèman pou pwòp peche pa L e anplis pou peche a pèp la, paske Li te deja fè sa yon fwa pou tout, lè Li te ofri tèt Li a.


vètman tise yo pou sèvis nan lye sen an, vètman sen pou Aaron yo, prèt la, ak vètman a fis pa li yo, pou fè sèvis kòm prèt.


Pou fis Aaron yo ou va fè tinik yo; ou va osi fè sentiwon pou yo. Ou va fè chapo pou yo, pou onore yo, e pou fè yo byen parèt.


“Epi fè Aaron, frè ou a vin pre ou menm, avèk fis pa li yo avè l, pami fis Israël yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen—Aaron, Nadab, avèk Abihu, Éléazar, ak Ithamar, fis Aaron yo.


Prèt la dwe abiye an vètman len fen pa li a, e li va mete sou vètman li touprè chè li. Konsa, li va pran sann dife yo nan ofrann brile a pou dife a ki vin redwi sou lotèl la e plase yo akote lotèl la.


Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:


epi reyini tout asanble a nan pòtay tant asanble a.”


Alò, Moïse te pran lwil onksyon an e te onksyone tabènak la ak tout sa ki te ladann, epi li te konsakre yo.


Alò, li te prezante belye ofrann brile a. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a.


Answit, li te prezante dezyèm belye a, belye òdinasyon an. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite