Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 8:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Li te flite kèk lwil ladann sou lotèl la sèt fwa, e li te onksyone lotèl la avèk tout zouti li yo, ak basen an avèk baz li pou konsakre yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Li voye lwil la sèt fwa sou lotèl la ak sou tout bagay ki sèvi sou lotèl la, sou kivèt la ak sou pye li. Konsa li konsakre yo pou sèvis Bondye.

Gade chapit la Kopi




Levitik 8:11
13 Referans Kwoze  

Lè kouch lawouze a te disparèt, gade, sou sifas dezè a, te gen yon bagay ki te sanble yon ti kal byen fen, ki sanble frechè lawouze sou tè a.


Moïse te di yo: “Pa kite pèsòn konsève anyen ladann pou rive demen.”


“Chak jou ou va ofri yon towo kòm ofrann ekspyasyon pou peche. Ou va pirifye lotèl la lè ou fè ekspyasyon pou li. E ou va onksyone li pou l kab vin konsakre.


Pandan sèt jou ou va fè ekspyasyon sou lotèl la, e ou va konsakre li. Konsa lotèl la va pi sen, e nenpòt sa ki touche li va sen.


“Ou va osi konsakre yo, pou yo kapab vin sen pase tout bagay. Nenpòt moun ki touche yo dwe sen.


Ou va pran nan men ou baton sila a; avèk li ou va fè sign yo.”


SENYÈ a anplis te di l: “Alò, fouye men ou antre kot kè ou.” Konsa, li te mete men l anndan sou kè li, e lè l te rale l deyò, li te devni lèp tankou lanèj.


Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon. Wa yo va pe bouch yo pou koz Li; paske sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l, e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li.


Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo.


Alò, prèt la va fonse dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men goch la, e avèk dwèt li, li va flite kèk nan lwil la sèt fwa devan SENYÈ a.


Konsa, prèt la va fonse dwèt li nan san an e flite li sèt fwa devan SENYÈ a, devan vwal la.


Konsa, prèt la va fonse dwèt li nan san an, e flite kèk nan san an sèt fwa devan SENYÈ a, devan vwal sanktiyè a.


ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite