Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 7:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 “‘Ofrann koupabilite a se tankou ofrann peche a, se yon sèl lwa pou yo. Prèt ki fè ekspiyasyon avèk li a va genyen li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal la, se menm bagay ak ofrann pou peche yon moun fè san l pa konnen. Se menm regleman an pou tou de: vyann lan va rete pou prèt ki fè ofrann lan.

Gade chapit la Kopi




Levitik 7:7
11 Referans Kwoze  

Èske nou pa konnen ke sila ki fè sèvis adorasyon yo manje manje tanp lan, e sila ki toujou okipe lotèl la gen pòsyon pa yo sou lotèl la?


Answit, li va touye jenn mouton an nan plas kote yo touye ofrann peche a ak ofrann brile a, nan plas kote sanktyè a—pou ofrann koupab la, tankou ofrann peche a, apatyen a prèt la. Li sen pase yo tout.


Gade nasyon Israël la selon lachè a. Èske se pa tout sila ki manje sakrifis ki pataje sou lotèl yo?


Li p ap boukannen avèk ledven. Mwen te bay li kòm pòsyon pa yo nan ofrann pa M pa dife a. Li pi sen pase tout, kòm ofrann peche ak ofrann koupabilite a.


Osi, prèt ki prezante ofrann brile a nenpòt moun nan, prèt sa a va gen pou li menm, po a ofrann brile ke li te prezante a.


Lajan ofrann koupab la avèk lajan ofrann peche a pa t antre lakay SENYÈ a. Li te pou prèt yo.


Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann pa dife pou SENYÈ a.


Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann bay SENYÈ a pa dife yo.


Men si nonm nan pa gen relasyon pou resevwa pèyman, pèyman ki fèt pou tò a, li va oblije ale bay SENYÈ a pou prèt la, ansanm avèk belye ekspiyatwa ki pou fè ekspiyasyon pou li a.


Alò, Hazaël, wa Syrie a, te monte goumen kont Gath e te kaptire li. Konsa, Hazaël te mete figi li vè Jérusalem.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite