17 men sa ki rete nan chè sakrifis la, nan twazyèm jou a, va brile avèk dife.
17 Men vyann ki rete pou twazyèm jou a, se pou yo boule yo.
Nan twazyèm jou a, Abraham te leve zye li, e li te wè plas la nan yon distans.
Epi nou pa pou kite anyen nan li pou maten men nenpòt sa ki rete nan li, nan maten nou va brile li nan dife.
epi kite yo fin prepare pou twazyèm jou a, paske nan twazyèm jou a SENYÈ a va vin desann sou Mòn Sinaï a nan zye a tout pèp la.
Men chè towo a avèk po li ak watè li, ou va brile yo avèk dife andeyò kan an. Li menm se yon ofrann peche.
Si yon bagay nan chè òdonasyon an oswa, yon pen rete jis rive nan maten, ou va brile rès la avèk dife. Li p ap manje, akoz li sen.
Li va fè nou vin refè apre de jou; Nan twazyèm jou a Li va fè nou leve. Konsa, nou va viv devan Li.
Men Moïse te chache avèk atansyon kabrit ofrann peche a, e vwala, li te fin brile nèt! Donk, li te fache avèk fis Aaron ki te toujou vivan yo, Éléazar avèk Ithamar. Li te di:
Li va manje nan menm jou ke nou ofri li a, ak jou apre a. Si gen ki rete jis nan twazyèm jou a, li va vin brile avèk dife.
Konsa, si li ta manje menm nan twazyèm jou a, sa se yon ofans. Li p ap aksepte.
ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a selon Ekriti yo.