Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 5:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Oubyen, si li ta touche afè moun ki pa pwòp, nenpòt sa li ye ki fè l vin pa pwòp la, epi sa kache de li, e answit, li vin konn sa, li va koupab.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Si, san li pa konnen, li rive manyen yon nonm ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, nenpòt ki jan moun lan te ka rive nan eta sa a, lè pita li vin konnen sa l fè a, li antò pou sa l fè a.

Gade chapit la Kopi




Levitik 5:3
10 Referans Kwoze  

Nan jou ke li antre nan sanktiyè a, nan lakou enteryè pou fè sèvis nan sanktiyè a, li va ofri lofrann peche pa li a”, deklare Senyè BONDYE a.


Prèt la va gade bouton an sou po kò a. Si plim nan enfeksyon an vin blan, e enfeksyon an parèt pi fon ke po kò a, li se yon enfeksyon lalèp. Lè prèt la fin gade li, li va pwononse li pa pwòp.


“‘Oubyen, si yon moun touche nenpòt bagay ki pa pwòp, kit se yon kadav bèt pa pwòp, kit se yon kadav bèf ki pa pwòp, kit se kadav yon desen bèt vivan ki pa pwòp, malgre ke sa ta kache de li pou li pa konnen, e li pa pwòp, alò li va koupab.


Oubyen, si yon moun sèmante san reflechi avèk bouch li, kit se pou fè mal, kit se pou fè byen, nan nenpòt afè ke yon nonm ta pale san reflechi avèk yon sèman, epi sa kache de li, e answit li vin konn sa, li va koupab nan youn nan sa yo.


Lè yon moun touche yon bagay ki pa pwòp, kit se bagay sal ki sòti nan moun, kit se yon bèt ki pa pwòp, kit se yon vye bagay sal, e manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a.’”


Anplis, nenpòt bagay ke moun pa pwòp la touche, va vin pa pwòp. Moun ki touche li a, va vin pa pwòp jis rive nan aswè.’”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite