Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 5:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Li va peye pou peche ke li te fè kont bagay sen an, e li va mete sou li yon senkyèm pati anplis pou pote bay prèt la. Prèt la, alò va fè ekspiyasyon pou li avèk belye a ofrann koupabilite a, e Li va padone.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Se pou l peye tou sa li te bliye bay Senyè a, plis ven pou san anwo li. L'a pote l bay prèt la. Prèt la menm va ofri bouk la, l'a touye l pou peye pou sa moun lan te fè ki mal, epi Bondye va padonnen l sa.

Gade chapit la Kopi




Levitik 5:16
22 Referans Kwoze  

Sila ki rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen. Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m. Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.


Si yon nonm ta vòlè yon bèf oswa yon mouton epi kòche li oswa vann li, li va peye senk bèf pou bèf la, e kat mouton pou mouton an.


“‘Men si yon nonm manje yon kado sen san konnen, alò, li va mete sou fòs li yon senkyèm anplis valè li, e li va bay kado sen an bay prèt la.


Men si li ta janmen vle peye ranson li an, alò li va ogmante yon senkyèm nan valè li.


Men si sila ki konsakre li a ta vle vin peye ranson li an, alò, li va mete yon senkyèm sou valè pri a pou l kapab vin pou li.


Men si li pami bèt ki pa pwòp yo, alò li va rachte li selon valè ke nou ba li e mete yon senkyèm anplis; epi si li pa rachte li, alò li va vann li selon valè ke nou ba li a.


Alò, konsa, si yon moun vle peye ranson yon pati nan dim li, li va mete yon senkyèm sou li.


Li va osi fè avèk towo a menm bagay li te fè avèk towo ofrann peche a; se konsa li va fè avè l. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou yo, e yo va vin padone.


Tout grès li a, prèt la va ofri nan lafimen sou lotèl la menm jan an nan ka grès sakrifis ofrann lapè a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li selon peche pa li, e li va vin padone.


Dezyèm nan, li va, answit, prepare kòm yon ofrann brile selon òdonans lan. Epi prèt la va fè ekspiyasyon nan non li menm pou peche ke li te komèt la, e li va vin padone.


Alò, prèt la va fè ekspiyasyon pou li konsènan peche ke li te komèt soti nan youn nan sila yo, e sa va padone li. Konsa, rès la va vin pou prèt la menm jan ak ofrann sereyal la.’”


Li va osi pote ofrann koupabilite li a bay SENYÈ a pou peche ke li te komèt la: yon femèl ki sòti nan bann bèt la, yon jenn mouton, oswa yon kabrit kòm yon ofrann peche. Konsa prèt la va fè ekspyasyon nan non li pou peche li a.


Nan plas kote yo touye ofrann brile a, yo dwe touye ofrann koupabilite a, e li va flite san li toupatou sou lotèl la.


alò, li va konfese peche ke li te fè yo; li va peye pou tò ke li te fè a, li va peye yon senkyèm nan valè donmaj la anplis, e li va bay sa a sila ke li te fè tò a.


Men si nonm nan pa gen relasyon pou resevwa pèyman, pèyman ki fèt pou tò a, li va oblije ale bay SENYÈ a pou prèt la, ansanm avèk belye ekspiyatwa ki pou fè ekspiyasyon pou li a.


Zachée te kanpe e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt kat fwa sa.”


men mwen te kontinye deklare premyèman a moun Damas yo, e osi ak moun Jérusalem yo, e answit moun tout rejyon Judée a, e menm ak pèp etranje yo, pou yo ta dwe repanti, vire vè Bondye, e fè zèv ki apatyen ak repantans lan.


Yo te di: “Si ou voye lach Bondye Israël la ale, pa voye li vid, men ou va anverite, remèt Li yon ofrann koupab. Konsa nou va geri e li va vin konprann poukisa men L poko retire sou nou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite