Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 4:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 si prèt onksyon an fè peche e mennen koupabilite sou pèp la, alò, kite li ofri bay SENYÈ a yon towo san defo, kòm ofrann peche pou peche ke li te komèt la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Si se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san okenn enfimite, l''a ofri l bay Senyè a pou peche l la.

Gade chapit la Kopi




Levitik 4:3
32 Referans Kwoze  

Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


Konsa, li te di a Aaron: “Pran pou nou menm yon jenn kabrit, yon jenn towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile, tou de san defo, e ofri yo devan SENYÈ a.


lè peche ke yo te komèt la, vin konnen, alò, asanble a va ofri yon towo nan twoupo a kòm yon ofrann peche, e yo va pote li devan tant asanble a.


Epi akoz de sa, li oblije ofri sakrifis pou peche pèp la, e pou pwòp tèt li tou.


Moun egzil ki te sòti an kaptivite yo te ofri ofrann brile a Bondye Israël la: douz towo pou tout Israël, katre-ven-sèz belye, swasann-dis-sèt jenn mouton, douz mal kabrit kon ofrann peche. Yo tout te kon yon ofrann brile a SENYÈ a.


Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè,


‘Ou va bay a prèt Levit ki sòti nan fanmi Tsadok yo, ki rapwoche de Mwen pou fè sèvis Mwen yo,’ deklare Senyè BONDYE a, ‘yon jenn towo pou yon ofrann peche.


Ou va pran kèk nan san ki sou lotèl la ak kèk nan lwil onksyon an, e ou va flite li sou Aaron ak sou vètman li yo, sou fis li yo ak sou vètman ki pou fis li yo avèk li. Konsa li menm va vin konsakre; li menm, avèk vètman li yo avèk fis li yo, ak vètman a fis li yo.


Men chè towo a avèk po li ak watè li, ou va brile yo avèk dife andeyò kan an. Li menm se yon ofrann peche.


Epi ou va pran lwil onksyon an, ou va vide li sou tèt li pou onksyone li.


Konsa, kite yo pran yon towo avèk ofrann sereyal li a, farin fen mele avèk lwil; epi yon dezyèm towo, ou va pran kòm yon ofrann peche.


“Alò Aaron va ofri towo ofrann peche ki pou li menm nan, li va fè ekspiyasyon pou li menm ak pou tout lakay li, e li va touye towo ofrann peche ki pou li menm nan.


“Konsa, Aaron va ofri towo a kòm ofrann peche ki pou li menm nan, pou li kapab fè ekspiyasyon pou li menm ak pou tout lakay li.


Konsa, li te vide kèk nan lwil onksyon an sou tèt Aaron, e li te onksyone li, pou konsakre li.


Li va osi pote ofrann koupabilite li a bay SENYÈ a pou peche ke li te komèt la: yon femèl ki sòti nan bann bèt la, yon jenn mouton, oswa yon kabrit kòm yon ofrann peche. Konsa prèt la va fè ekspyasyon nan non li pou peche li a.


Aaron va fè ekspyasyon sou kòn li yo yon fwa pa ane. Li va fè ekspyasyon sou li avèk san ofrann peche ki pou ekspyasyon an yon fwa pa ane pandan tout jenerasyon nou yo. Li pi sen pase tout bagay bay SENYÈ a.”


Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.


Alò, prèt onksyone a dwe pran kèk nan san towo a pou pote li vè tant asanble a.


si peche ke li te fè a vin konnen a li menm, li va pote pou ofrann li, yon kabrit, yon mal san defo.


si peche li a vin konnen a li menm, alò, li va pote pou ofrann pa li a, yon kabrit, yon femèl san defo, pou peche ke li te komèt la.


Men yo te tonbe sou figi yo e te di: “O Bondye, Bondye a lespri de tout chè a, èske Ou va an kòlè avèk tout kongregasyon an lè yon sèl moun fè peche?”


Yo te mennen sèt towo, sèt belye, sèt jèn mouton ak sèt mal kabrit kòm ofrann peche pou wayòm nan, pou sanktyè a ak pou Juda. Epi li te kòmande prèt yo, fis a Aaron yo, pou ofri yo sou lotèl SENYÈ a.


“‘Si ofrann li an se yon ofrann brile ki sòti nan twoupo a, li va ofri li; yon mal san defo. Li va ofri li nan pòtay tant asanble a, pou li kapab aksepte devan SENYÈ a.


“‘Men si ofrann li an sòti nan bann bèt la, mouton oswa kabrit kòm yon ofrann brile, li va ofri li yon mal, san defo.


Chak mal pami fis Aaron yo kapab manje li. Li se yon òdonans pèmanan, atravè jenerasyon nou yo, soti nan ofrann dife bay SENYÈ a. Nenpòt moun ki touche yo va sen.’”


Epi a fis Israël yo nou va pale pou di: ‘Pran yon mal kabrit pou yon ofrann peche, ak yon jenn kabrit avèk yon jenn mouton, toude nan laj yon ane, san defo, pou yon ofrann brile,


“Aaron va antre nan lye sen an avèk yon towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile.


Li va pran soti nan asanble Israël la de mal kabrit kòm yon ofrann peche ak yon belye kòm yon ofrann brile.


Nan galri pòtay la, te gen de tab nan chak kote, tab sou sila yo te touye ofrann brile yo, ofrann peche yo ak ofrann koupabilite a.


Nan jou ke li antre nan sanktiyè a, nan lakou enteryè pou fè sèvis nan sanktiyè a, li va ofri lofrann peche pa li a”, deklare Senyè BONDYE a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite