Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 4:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 “‘Alò, si nenpòt moun pami pèp òdinè a peche san movèz entansyon nan fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, e li vin koupab,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Si se nenpòt lòt moun nan pèp la ki fè peche san li pa fè espre, ki antò paske li fè yon bagay Senyè a te bay lòd pa fè, men li fè li san li pa fè espre,

Gade chapit la Kopi




Levitik 4:27
14 Referans Kwoze  

Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo. Pa kite yo vin domine m. Konsa, mwen kab rete san fot, epi va inosan a gran peche.


Menm règ sa a va aplike a natif la tankou etranje ki demere pami nou yo.”


Se va devwa prens lan pou founi ofrann brile yo, ofrann sereyal yo ak ofrann bwason yo nan fèt yo, nan fèt nouvèl lalin yo, nan Saba yo, nan tout fèt etabli pou lakay Israël yo. Li va founi ofrann peche a, ofrann sereyal la ak ofrann brile a, pou fè ekspiyasyon pou lakay Israël.”


Konsa nou va fè nan setyèm jou nan mwa a pou tout moun ki vin egare kite chemen dwat la, oswa ki fè enpridans. Konsa ou va fè ekspiyasyon pou kay la.


“‘Alò, si tout asanble Israël la vin fè yon erè, e bagay la chape atansyon asanble a, epi yo komèt nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou yo pa fè, e yo vin koupab;


“Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Si yon moun peche san movèz entansyon nan nenpòt bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè, e ki fèt pa nenpòt nan yo,


“‘Lè yon dirijan fè peche, e san movèz entansyon vin fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a, Bondye te kòmande pou li pa fè yo, e li vin koupab,


“Alò, si yon moun peche e fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, malgre li pa t konnen sa, li toujou koupab e li va pote koupabilite li.


Answit, li te prezante ofrann pèp la, e li te pran kabrit ofrann peche ki te pou pèp la. Li te touye li e li te ofri li pou peche, tankou premye a.


Va genyen yon sèl lwa, ak yon sèl òdonans pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an.’”


Men lè nou tonbe fè yon fòt ki pa eksprè, e nou vin pa obsève tout kòmandman sila ke SENYÈ a te pale a Moïse yo—


Osi, si yon moun fè peche ki pa eksprè, alò, li va ofri yon femèl kabrit nan laj 1 nan kòm yon ofrann peche.


Nou va genyen yon sèl lwa pou sila ki fè yon bagay ki pa eksprè, pou sila ki natif pami fis Israël yo, e pou sila ki se yon etranje k ap demere pami yo.


“Pale avèk fis Israël yo: ‘Lè yon nonm, oswa yon fanm fè yon lòt mal, aji avèk mank lafwa kont SENYÈ a, e moun sa a koupab,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite