Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 3:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Soti nan ofrann sakrifis lapè a, li va pote kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a, grès li, tout grès ke li menm, moun nan va retire pre zo do a, ak grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès la, ke y'a koupe ra koupyon an, grès ki vlope tripay la,

Gade chapit la Kopi




Levitik 3:9
15 Referans Kwoze  

Konsa, yo te mennen lach SENYÈ a e te mete li nan plas li anndan tant ke David te fè monte pou li a. Epi David te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan SENYÈ a.


Salomon te vin leve e vwala, se yon rèv li te ye. Konsa, li te vini Jérusalem, e li te kanpe devan SENYÈ a, pou ofri ofrann brile ak ofrann lapè, e li te fè yon fèt pou tout sèvitè li yo.


Salomon te ofri kòm ofrann lapè ke Li te lofri SENYÈ a, venn-de-mil bèf avèk san-ven-mil mouton. Konsa wa a, avèk tout fis Israël yo te dedye kay SENYÈ a.


Nan menm jou sa a, wa a te konsakre lakou mitan ki te devan kay SENYÈ a, akoz se la li te ofri ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, e grès a ofrann lapè yo. Paske lotèl bwonz ki te devan SENYÈ a te twò piti pou kenbe ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, avèk grès a ofrann lapè yo.


Yo te pote lach Bondye a e te plase li nan tant ke David te fè monte pou li a. Epi yo te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan Bondye.


“Ou va anplis pran grès belye a, grès ki nan ke a, ak grès ki kouvri zantray li yo, gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo avèk grès ki sou yo a ak grès ki sou kwis dwat la (akoz ke se yon belye pou òdonasyon an),


Ban m kè ou, fis mwen an; kite zye ou fè kè kontan nan chemen mwen yo.


Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.


Rezon pou sa a se pou pèmèt fis Israël yo pote sakrifis ke y ap fè nan gran chan yo, pou yo kapab pote yo antre vè SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a vè prèt la, e pou fè sakrifis yo kòm sakrifis ofrann lapè bay SENYÈ a.


Answit, li va ofri li avèk tout grès li: grès ke avèk grès ki kouvri zantray yo,


Li te pran grès la, grès ke a, tout grès ki te sou zantray yo, gwo mòso fwa a, de ren yo avèk grès pa yo ak kwis dwat la.


ak pati grès ki sòti nan bèf la, nan belye a, grès ke a ak grès ki kouvri ren yo avèk gwo mòso fwa a,


epi tout bèf pou sakrifis lapè yo, venn-kat towo, belye yo, swasant, mal kabrit yo, swasant, mal mouton nan laj 1 nan yo, swasant. Sa se te ofrann dedikasyon lotèl la apre li te fin onksyone a.


“Epi ou va desann devan mwen Guilgal. Gade byen, m ap desann kote ou pou ofri ofrann brile avèk sakrifis lapè yo. Ou va tann sèt jou jiskaske mwen vin kote ou pou montre ou kisa ou ta dwe fè.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite