Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 3:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Prèt la va ofri yo nan lafimen sou lotèl la tankou manje, yon ofrann pa dife bagay ki santi dous; tout grès se pou SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Tout grès la se pou Senyè a li ye. Se yon ofrann ou boule nèt pou Senyè a kote bon sant li ap fè li plezi.

Gade chapit la Kopi




Levitik 3:16
19 Referans Kwoze  

Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo. Konsa, SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la,


Te gen osi anpil ofrann brile avèk grès a ofrann lapè yo, avèk ofrann bwason pou ofrann brile yo. Konsa, sèvis lakay SENYÈ a te vin etabli ankò.


Salomon te konsakre mitan lakou ki te devan kay SENYÈ a pou fè l sen. Paske la, li te ofri ofrann brile ak grès ofrann lapè yo akoz lotèl an bwonz ke Salomon te fè a pa t kab kenbe ofrann brile a, ofrann sereyal la ak grès la.


Ou va pran tout grès ki kouvri zantray yo, avèk gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo ak grès ki sou yo a, e ou va ofri yo anlè nan lafimen sou lotèl la.


“Ou va anplis pran grès belye a, grès ki nan ke a, ak grès ki kouvri zantray li yo, gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo avèk grès ki sou yo a ak grès ki sou kwis dwat la (akoz ke se yon belye pou òdonasyon an),


Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.


“‘“Men prèt Levit yo, fis a Tsadok yo, ki te kenbe responsabilite sanktyè pa M nan lè fis Israël yo te vin egare kite Mwen an, va vin rapwoche de Mwen pou fè sèvis pou Mwen. Yo va kanpe devan M pou ofri Mwen grès ak san an,” deklare Senyè BONDYE a.


Prèt la va flite san an sou lotèl SENYÈ a nan pòtay tant asanble a, e li va ofri grès la nan lafimen kòm yon bagay santi bon bay SENYÈ a.


Tout grès li a, prèt la va ofri nan lafimen sou lotèl la menm jan an nan ka grès sakrifis ofrann lapè a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li selon peche pa li, e li va vin padone.


Answit, li va retire tout grès li, jis jan grès la te retire nan sakrifis ofrann lapè yo; epi prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la pou yon odè santi bon pou SENYÈ a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li, e li va vin padone.


Li te pran grès la, grès ke a, tout grès ki te sou zantray yo, gwo mòso fwa a, de ren yo avèk grès pa yo ak kwis dwat la.


Answit, dife te sòti devan SENYÈ a, e ofrann nan te brile nèt ak pati grès sou lotèl la. Lè tout pèp la te wè sa, yo te rele fò, e yo te tonbe sou figi yo.


Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite