Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 3:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Li va poze men l sou tèt li e touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 L'a mete men l sou tèt li, l'a touye l la devan Tant Randevou a. Lèfini, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la.

Gade chapit la Kopi




Levitik 3:13
15 Referans Kwoze  

Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon. Wa yo va pe bouch yo pou koz Li; paske sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l, e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li.


Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo. Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou, men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.


Li va poze men li sou tèt ofrann brile a, e ofrann la va aksepte pou li, pou fè ekspiyasyon pou li.


“‘Anplis, si ofrann li an se yon kabrit, alò, li va ofri li devan SENYÈ a.


Soti nan li, li va prezante ofrann li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a; grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo,


Epi li va poze men li sou tèt ofrann li an e touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la.


Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


epi anvè Jésus medyatè yon akò tounèf la, e anvè san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la.


selon konesans davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.


Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.


Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite