Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 27:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Sa yo se kòmandman ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fis Israël yo nan mòn Sinai a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

34 Men tout regleman Senyè a te bay Moyiz pou moun pèp Izrayèl yo sou mòn Sinayi a.

Gade chapit la Kopi




Levitik 27:34
13 Referans Kwoze  

Sa yo se règleman avèk òdonans avèk lwa ke SENYÈ a te etabli antre Li menm ak fis Israël yo pa Moïse nan Mòn Sinai a.


ke SENYÈ a te kòmande Moïse nan Mòn Sinaï nan jou ke li te kòmande fis Israël yo pou prezante ofrann pa yo bay SENYÈ a nan dezè Sinaï a.


SENYÈ a te pale a Moïse nan dezè Sinaï a, nan tant asanble a, nan premye jou a dezyèm mwa a, nan dezyèm ane lè yo te fin sòti nan peyi Égypte la. Li te di:


Li se yon ofrann brile tout tan ki te òdone nan mòn Sinaï kòm yon odè ki bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.


Alò sa yo se chif desandan a Aaron avèk Moïse nan tan lè SENYÈ a te pale avèk Moïse sou Mòn Sinaï a.


Sa yo se kòmandman ak règleman ke SENYÈ a te kòmande a fis Israël yo pa Moïse nan plèn Moab yo akote Jourdain an, anfas Jéricho.


Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris.


Nan katriyèm ane a, nan premye jou nan onzyèm mwa a, Moïse te pale avèk fis Israël yo selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li anvè yo,


Sila yo se pawòl akò a ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fè avèk fis Israël yo nan peyi Moab la, anplis akò Li te fè avèk yo nan Horeb la.


sa yo se temwayaj avèk lwa avèk règleman ke Moïse te pale a fis Israël yo, lè yo te sòti an Égypte,


“Nou wè, mwen te enstwi nou règleman avèk jijman yo jis jan SENYÈ a, Bondye mwen an, te kòmande mwen an, pou nou ta fè konsa nan peyi kote nou ap antre pou posede a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite