Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 27:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Si valè ou a se yon gason antre ventan ak swasantan daj, valè ke nou va bay li a se senkant sik an ajan, dapre sik ki nan sanktyè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Men ki jan n'a fè sa: Pou yon gason ki gen ant ventan al swasantan, se va senkant pyès ajan.

Gade chapit la Kopi




Levitik 27:3
10 Referans Kwoze  

Alò, Joas te di a prèt yo: “Tout lajan de afè konsakre yo, ki pote antre nan kay SENYÈ a, nan lajan aktyèl la, lajan ranmase kòm devwa a chak mesye ak tout sa ke kè a yon moun ta pouse li pote lakay SENYÈ a;


Se chak moun ki kontwole yo ki va bay: mwatye sik selon sik sanktyè a, (yon sik se ven gera) mwatye sik kòm kontribisyon bay SENYÈ a.


Epi tout lò ki te sèvi nan èv la, nan tout travay sanktyè a, menm lò pou ofrann balanse anlè a te ventnèf talan e sèt-san-trant sik selon sik sanktyè a.


“‘Alò, si yon mesye konsakre kay li kòm sen pou SENYÈ a, alò prèt la va ba li valè kòm bon, oswa pa bon. Jan prèt la ba li valè, se konsa li va kanpe.


Anplis, chak valè ke nou bay va baze sou sik sanktyè a. Sik la va ven gera (yon ventyèm sik la).


Oubyen, si se yon fanm, alò valè nou va trant sik.


“Si yon moun pa fidèl, e peche san movèz entansyon kont bagay ki sen pou SENYÈ a, alò li va pote ofrann koupabilite li devan SENYÈ a; yon belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon valè an ajan de sik, an valè de sik sanktiyè a kòm yon ofrann koupabilite.


Li va pote bay prèt la ofrann koupabilite li a, bay SENYÈ a, yon belye san defo ki soti nan bann bèt la, selon sa ou estime, pou yon ofrann koupabilite.


Epi pou pri ranson an, soti nan laj yon mwa, nou va peye ranson yo, selon pri nou yo, senk sik an ajan, selon sik sanktyè a, ki se ven gera.


ou va pran senk sik pou chak, pa tèt. Ou va pran yo an valè sik sanktyè a (sik la se ven gera),


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite