Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 26:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Anverite, bat grenn chan nou va dire jis tan pou ranmase rezen yo, e ranmase rezen yo va dire jis rive nan tan semans lan. Nou va konsa manje manje nou vant plen nèt, e viv ansekirite nan peyi nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Lè sa a, nou p'ap ankò fin bat ble, n'ap gentan nan keyi rezen. Nou p'ap ankò fin keyi rezen, n'ap gentan nan plante grenn. N'a gen kont manje pou nou manje, epi n'a rete nan peyi nou an san nou pa bezwen pè anyen.

Gade chapit la Kopi




Levitik 26:5
26 Referans Kwoze  

Kite depo nou yo toujou plen, nan bay tout kalite pwodwi. Kite twoupo nou yo pwodwi dè milye e dè di milye nan chan nou yo.


Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye pandan tout jenerasyon yo.


Moïse te di: “Sa va vin rive lè SENYÈ a bannou vyann pou nou manje nan aswè, ak pen jiskaske nou vin satisfè nan maten. Paske SENYÈ a tande plent ke nou fè kont Li. Epi kisa nou ye? Plent nou yo pa kont nou, men kont SENYÈ a.”


Men sila ki koute mwen an va viv ansekirite, e li va rete alèz san pè malè.”


Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò; moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.


Si nou vin dakò e obeyi, nou va manje pi bon bagay ki gen nan peyi a;


Epi Li va bay lapli pou grenn semans ke ou simen nan tè a, ak pen ki soti nan rekòlt tè a. Li va bon e li va anpil. Nan jou sa a, bèt nou yo va manje nan yon patiraj byen laj.


Nan jou Li yo, Juda va sove, e Israël va rete ansekirite. Men non pa sila yo va rele Li a: ‘SENYÈ a, Ladwati Nou an.’”


Nan jou sa a, anplis, Mwen va fè yon Akò pou yo ak bèt chan yo, zwazo syèl yo ak sa ki trennen atè yo. Mwen va aboli banza, nepe ak lagè soti nant peyi a, e Mwen va fè yo kouche dòmi ansekirite.


Epi Mwen va fè ou renmen M nan fidelite. Nan lè sa a, ou va konnen SENYÈ a.


SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a: “Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil. Nou va vin satisfè nèt ak yo. Mwen p ap fè nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo.


Pa pè, nou menm bèt chan yo; paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt, paske pyebwa a vin bay fwi li. Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.


Nou va genyen anpil manje, nou va vin satisfè, e nou va fè lwanj non SENYÈ a, Bondye nou a, ki te aji ak mèvèy avèk nou. Konsa, pèp Mwen an p ap janm vin desi ankò.


“Gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a, “lè sila k ap raboure a va depase sila k ap rekòlte a, e sila k ap foule rezen an va depase sila k ap simen grenn nan; lè mòn yo va degoute diven dous e tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li.


“O Jérusalem, Jérusalem, ki touye pwofèt yo e asasine sila ki te voye a li menm yo avèk kout wòch! Konbyen fwa Mwen te vle rasanble nou ansanm, kon yon poul rasanble pitit li anba zèl li, men nou pa t vle.


Men malgre sa Li pa t kite tèt Li menm san temwayaj. Li te fè sa ki bon e te bay nou lapli ki te sòti nan syèl la. Anplis Li te bay sezon ak fwi yo, ki te satisfè kè nou avèk manje, ak kè kontan.”


Mwen va bannou zèb nan chan nou yo pou bèt nou yo, e nou va manje e va satisfè.


Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan.


ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite