Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 26:44 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

44 Men malgre tout sa, lè yo nan peyi lènmi yo, Mwen p ap rejte yo, ni Mwen p ap meprize yo tèlman pou detwi yo e kase akò Mwen avèk yo; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye pa yo a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

44 Men, menm lè sa a, antan yo la toujou nan peyi lènmi yo, mwen p'ap meprize yo, mwen p'ap lage yo jouk pou m ta fini ak yo nèt. Mwen p'ap kase kontra m pase ak yo a. Paske se mwen menm ki Senyè a, Bondye yo a.

Gade chapit la Kopi




Levitik 26:44
20 Referans Kwoze  

“Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon akò k ap pou tout tan, pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo.


Men SENYÈ a te fè yo gras, Li te gen mizerikòd pou yo, Li te vire kote yo akoz akò ke li te gen avèk Abraham, Isaac, avèk Jacob la e Li pa t detwi yo ni jete yo deyò prezans li jis rive nan moman sa a.


Yo te refize koute e yo pa t sonje mèvèy ke Ou te fè pami yo. Konsa, yo te vin tèt di, e te chwazi yon chèf ki pou mennen yo retounen an esklavaj yo an Egypte. Men Ou se yon Bondye ki padone, plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous. Ou pa t abandone yo.


Men nan gran mizerikòd Ou, Ou pa t fini ak yo, ni abandone yo, paske Ou menm se yon Bondye gras avèk mizerikòd.


Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo, se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.


Men Mwen p ap retire lanmou dous sou li, ni aji avèk movèz fwa selon fidelite mwen.


Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a, ni Li p ap lage pèp eritaj Li a.


Pa meprize nou, pou koz a pwòp non Ou: pa kite twòn a glwa ou a dezonore. Sonje e pa kase akò Ou avèk nou.


“Konsa pale SENYÈ Israël a ‘Tankou bon fig etranje yo, konsa Mwen va konsidere kon bon, kaptif a Juda yo, ke m te voye sòti nan plas sa a pou antre nan peyi Kaldeyen yo.


Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou; paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo, sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt. Men m ap fè ou korije fil a mezi; Mwen p ap kite ou san pinisyon.”


Èske Éphraïm se fis Mwen? Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi? Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou; konsa kè M gen gwo dezi pou li. Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.


alò, sèl konsa, Mwen ta rejte desandan a Jacob yo ak David, sèvitè Mwen an e pa chwazi pami desandan li yo chèf sou desandan a Abraham, Issac ak Jacob yo. Men Mwen va restore bonè pa yo, e Mwen va genyen mizerikòd pou yo.’”


Malgre sa, Mwen va sonje akò Mwen an avèk ou nan jou jenès ou yo, e Mwen va etabli yon akò k ap dire pou tout tan avèk ou.


Anplis, Mwen va fè domisil Mwen pami nou, e nanm Mwen p ap rejte nou.


Bondye pa janm rejte pèp Li a ke Li te konnen oparavan an. Èske ou pa konnen sa Ekriti a di nan pasaj sou Élie, jan li te plede avèk Bondye kont Israël?


Konsa, tout Israël va sove. Jis jan sa ekri a: “Sila k ap delivre a va sòti de Sion. Li va retire enkwayans a Jacob.”


Alò, zanj SENYÈ a te monte soti Guilgal a Bokim. Li te di: “Mwen te mennen nou sòti an Égypte, e Mwen te mennen nou antre nan peyi ke M te sèmante a zansèt nou yo. Epi Mwen te di: ‘Mwen p ap janm kraze akò Mwen avèk nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite