Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 26:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 Tout jou a dezolasyon yo, li va obsève repo ke li pa t obsève nan Saba nou yo pandan nou t ap viv ladann nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

35 Pandan tout tan tè a va rete san travay la, la jwi tout lanne rèpo nou pat ba li yo lè nou te rete sou li a.

Gade chapit la Kopi




Levitik 26:35
6 Referans Kwoze  

Akoz sa, pale SENYÈ a: “Nou pa t obeyi Mwen nan pwoklame libète chak mesye a frè li, e chak mesye a vwazen li, gade byen, Mwen ap pwoklame libète pou nou,” deklare SENYÈ a: “pou nepe a, pou envazyon ensèk ak maladi, pou gwo grangou. Konsa, Mwen va fè nou vin yon objè lèd e degoutan pou tout wayòm yo sou latè yo.


“Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou vini nan peyi ke Mwen va bannou an, alò, tè a va gen yon Saba pou SENYÈ a.


Epi tè a va rejwi nan Saba li yo pandan tout jou dezolasyon li yo, pandan nou nan peyi lènmi nou yo. Konsa, tè a va repoze e rejwi nan Saba li yo.


“Pou sila nan nou ki kab toujou rete la yo, Mwen va osi pote feblès nan kè yo pandan yo nan peyi lènmi yo. Konsa, bwi a yon fèy k ap kouri nan van va fè kè yo sote, e menmlè pèsòn pa kouri dèyè yo, yo va sove ale tankou se devan nepe, e yo va tonbe.


Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite