Levitik 26:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen16 anretou, men kisa Mwen va fè nou: Mwen va apwente sou nou sibitman yon gwo twoub, yon maladi epwizan avèk lafyèv ki va gate zye nou, e fè nanm nan chagren. Konsa, nou va simen grenn nou yo san reyisi, paske se lènmi nou yo ki va manje li. Gade chapit la1998 Haïtienne16 men ki jan m'ap pini nou: M'ap voye gwo malè sou nou. Maladi ap minen nou. Lafyèb ap fè nou deperi. Nou p'ap ka wè nan je nou, n'ap pèdi souf nou. Nou va simen grenn nan jaden nou. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske se lènmi nou yo ki va jwi rekòt nou yo. Gade chapit la |
Paske konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè ou vin yon gwo laperèz pou pwòp tèt ou, ak tout zanmi ou yo. Pandan zye ou toujou ap gade, yo va tonbe pa nepe lènmi pa yo. Se konsa, mwen va livre tout Juda, pou tonbe nan men a wa Babylone nan. Li va pote yo ale tankou egzile Babylone e li va touye yo ak nepe.