Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 24:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Chak jou Saba, li va mete li an lòd devan SENYÈ a pou tout tan. Se yon akò k ap dire pou tout tan pou fis Israël yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Se pou moun pèp Izrayèl yo pote pen chak jou repo, pou yo ofri bay Senyè a. Se bagay pou yo toujou fè dapre kontra Bondye a ki p'ap janm kase.

Gade chapit la Kopi




Levitik 24:8
9 Referans Kwoze  

epi avèk pen konsakre ak farin fen pou yon ofrann sereyal, galèt san ledven, oswa sa ki kwit nan veso, ni sa ki byen mele ak tout mezi a volim oswa gwosè yo.


Epi kèk nan fanmi a fis Koatit yo te sou pen konsakre a pou prepare li pou chak Saba.


Chak maten e chak swa, yo brile bay SENYÈ a ofrann brile avèk lansan santi bon, pen konsakre ki sou tab pwòp, e chandelye a avèk lanp li yo pou limen chak swa; paske nou kenbe chaj a SENYÈ a, Bondye nou an, men ou te abandone Li.


Gade byen, mwen prè pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye a, pou l dedye a Li menm, pou brile lansan santi bon devan L, pou plase pen konsakre tout tan e pou ofri ofrann brile ni nan maten, ni nan aswè, nan Saba avèk nouvèl lin ak nan fèt etabli a SENYÈ a, Bondye nou an, sila kòm egzije jis pou tout tan an Israël.


pou pen konsakre, ofrann sereyal ki pa janm fini, ofrann brile ki pa janm fini, Saba yo, nouvèl lin, pou lè chwazi yo, pou bagay sen yo e pou ofrann peche pou fè ekspiyasyon pou peche Israël yo ak tout travay lakay Bondye nou an.


“Ou va mete pen Prezans lan sou tab la devan Mwen pou li la tout lè.


Sou tab a pen Prezans lan, yo va osi ouvri yon twal ble. Yo va mete sou li asyèt avèk bonm yo ak veso pou fè sakrifis yo, bokal pou ofrann bwason an, ak pen k ap la tout tan an, va sou li.


Alò, youn nan sèvitè a Saül yo te la nan jou sa a, fèmen devan SENYÈ a. Non li se te Doëg, Edomit la, chèf a bèje Saül yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite