Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 24:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Nou va mete lansan san tach nan chak ranje pou li kapab yon pati komemoratif pou pen an, menm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Apre sa, w'a pran lansan bon kalite, w'a mete sou chak ran pen yo. Se lansan sa a w'a ofri nan dife bay Senyè a tankou si se te pen yo menm ou te ofri.

Gade chapit la Kopi




Levitik 24:7
17 Referans Kwoze  

“Lè lakansyèl la nan nwaj la, Mwen va gade sou li, pou m sonje akò ki jis pou tout tan antre Bondye ak tout kreyati vivan pou tout chè ki sou latè yo.”


“‘Alò, jou sa a va vin yon jou pa janm bliye pou nou, e nou va selebre li kòm yon fèt a SENYÈ a. Pami tout jenerasyon yo nou gen pou fete li kòm yon règleman k ap la pou tout tan.’”


Epi sa va sèvi kòm yon sign pou ou sou men ou, e kòm yon souvni nan fon ou, pou lalwa SENYÈ a kapab nan bouch ou; paske se te avèk yon men pwisan ke SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.


Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Ekri sa a nan yon liv pou gen kòm souvni, e repete li a Josué, ke Mwen va konplètman efase memwa Amalèk soti anba syèl la.”


Ou va mete de pyè sa yo sou pyès zepòl yo nan efòd la, kòm pyè pou toujou sonje fis Israël yo. Konsa, Aaron va pote non pa yo devan SENYÈ a sou de zepòl li yo tankou yon bagay komemoratif.


Ou pa t mennen ban Mwen mouton a ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak sakrifis ou yo. Mwen pa t mete gwo fado sou ou ak ofrann yo, ni fè ou fatige ak lansan.


“‘Alò, lè yon moun prezante yon ofrann sereyal la kòm ofrann bay SENYÈ a, ofrann li an va avèk farin fen. Li va vide lwil sou li e mete lansan sou li.


Answit, li va pote li bay fis Aaron yo, prèt yo. Li va pran ladann de men plen nan farin fen ak lwil avèk tout lansan li an. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen kòm yon pati komemoratif la sou lotèl la, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Alò, prèt la va pran nan ofrann sereyal la, pati komemoratif la, e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Jésus te di yo: “Mwen menm se pen lavi a. Moun ki vini kote Mwen p ap grangou, e sila ki kwè nan Mwen, p ap janm swaf.


“Mwen menm se pen vivan ki desann sòti nan syèl la. Si nenpòt moun manje pen sa a, l ap viv jis pou jamen. E pen osi ke M ap bay pou lavi lemonn nan se chè Mwen.”


Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye.


Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?” Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye.


Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.


Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou entèsede pou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite