19 Si yon nonm blese vwazen li, menm sa ke li te fè a, va fèt a li menm:
19 Si ou fè yon moun menm peyi avè ou mal, se pou yo fè ou menm bagay la tou.
Men si gen plis mal ki fèt, alò, ou va òdone kòm yon penalite vi pou vi,
zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye,
brile pou brile, blese pou blese, brize pou brize.
Sila ki pran lavi a yon bèt va fè l bon, lavi pou lavi.
zo kase pou zo kase, zye pou zye, dan pou dan. Menm jan ke li te blese yon moun, se konsa ke li va fèt sou li menm.
“Nou konn tande ke yo konn di: ‘Zye pou zye e dan pou dan’;
Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou.
Konsa, zye nou p ap gen pitye: vi pou vi, zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye.
Adoni Bézek te di: “Swasann-dis wa avèk pous avèk gwo zòtèy koupe te konn ranmase manje anba tab mwen. Jan ke m te konn fè a, konsa Bondye te rekonpanse mwen.” Konsa, yo te mennen li Jérusalem e la, li te mouri.