Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 23:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan setyèm jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Pandan sèt jou n'a boule ofrann nan dife pou Senyè a. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout pèp la ankò pou n adore Senyè a. Jou sa a, nou p'ap fè okenn gwo travay nonplis.

Gade chapit la Kopi




Levitik 23:8
9 Referans Kwoze  

“Nan premye jou a nou va fè yon konvokasyon sen, e yon lòt konvokasyon sen nan setyèm jou a. P ap gen travay k ap fèt nan yo, sof sa ki oblije fèt pou manje a chak moun; se sa sèl nou kapab prepare.


“Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, e nan setyèm jou a va fè yon gwo fèt a SENYÈ a.


Pandan sèt jou nan fèt la, li va founi kon yon ofrann brile a SENYÈ a sèt towo ak sèt belye san defo chak jou nan sèt jou yo ak yon mal kabrit chak jou kon yon ofrann peche.


Nan premye jou a, nou va gen yon konvokasyon sen. Nou p ap fè okenn travay di.


Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:


Nan premye jou fèt la, yon konvokasyon sen; nou pa pou fè okenn travay ki di.


Nan setyèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.


“‘Osi, nan jou premye fwi yo, lè nou prezante yon ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a nan fèt semèn yo, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.


Sis jou, nou va manje pen san ledven an. Konsa, nan setyèm jou a, va genyen yon konvokasyon solanèl a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay nan li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite