Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 22:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Di Aaron avèk fis li yo pou separe yo de bagay sen ki pou fis Israël yo, ke yo dedye kon sen de Mwen yo, epi pou yo pa derespekte non sen Mwen an. Mwen se SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 — Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l yo. Se pou yo konnen ki jan pou yo sèvi ak sa moun pèp Izrayèl yo ofri m, ofrann yo mete apa pou mwen, pou yo pa derespekte non m. Se mwen menm ki Senyè a.

Gade chapit la Kopi




Levitik 22:2
16 Referans Kwoze  

Mwen te di yo: “Nou sen a SENYÈ la, e tout zouti yo sen. Epi ajan avèk lò a se yon ofrann bòn volonte a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo.


ou va konsakre a SENYÈ a premye ne nan tout vant, ak premye ne nan chak bèt ke ou posede. Mal yo se pou SENYÈ a ke yo ye.


Li va sou fwon Aaron, e Aaron va retire inikite nan bagay sen ke fis Israël yo konsakre yo, selon tout ofrann sen pa yo; epi li va toujou sou fwon li, pou yo kapab aksepte devan SENYÈ a.


Sòti! Sòti! Kite kote sa a! Pa touche anyen ki pa pwòp! Sòti nan mitan li! Vin pirifye nou menm! Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a.


Epi nou pa t rete responsab nou menm, de bagay sen Mwen yo, men te mete etranje yo responsab de sanktiyè mwen an.”


“‘Konsa, nou va kenbe fis Israël yo apa de pa pwòp yo, pou yo pa mouri akoz salte ki ta konwonpi tabènak Mwen ki pami yo a.’”


“‘Nou pa pou bay okenn nan pitit nou yo pou ofri bay Moloc. Nou pa pou degrade non Bondye. Mwen se SENYÈ a.


“‘Nou pa pou fè fo sèman nan non Mwen pou degrade non a Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.


Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a. Mwen va koupe retire li de pèp li a, akoz li te bay nan pitit li bay Moloc pou konwonpi sanktyè Mwen an, e degrade non sen Mwen an.


Yo va rete sen a Bondye pa yo a, e yo p ap konwonpi non Bondye pa yo a, paske se yo ki prezante ofrann dife bay SENYÈ a, manje pou Bondye pa yo a. Alò, fòk yo sen.


Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:


Nou pa pou degrade non sen Mwen an, men Mwen va sen pami fis Israël yo. Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an,


Nou p ap pote peche akoz li, lè nou fin ofri meyè pati a. Men nou pa pou degrade bagay sakre a fis Israël yo; sinon, nou va mouri.’”


“Nou va konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, tout mal premye ne ki fèt nan twoupo oswa bann mouton nou yo. Nou p ap travay avèk premye ne nan twoupo nou, ni taye lenn nan premye ne nan bann mouton an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite