Di Aaron avèk fis li yo pou separe yo de bagay sen ki pou fis Israël yo, ke yo dedye kon sen de Mwen yo, epi pou yo pa derespekte non sen Mwen an. Mwen se SENYÈ a.
“Si yon moun pa fidèl, e peche san movèz entansyon kont bagay ki sen pou SENYÈ a, alò li va pote ofrann koupabilite li devan SENYÈ a; yon belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon valè an ajan de sik, an valè de sik sanktiyè a kòm yon ofrann koupabilite.
“Sa osi se pou nou, ofrann a don pa yo, menm tout ofrann balanse vè lotèl a fis Israël yo; Mwen te bannou yo ak fis nou yo ak fi nou yo ki avèk nou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Tout sila lakay nou yo ki pwòp, kapab manje yo.