Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Levitik 20:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 alò, Mwen menm va mete figi Mwen kont moun sila a ak kont fanmi li, e Mwen va koupe retire de pèp li a; non sèlman li menm, men tout sila ki jwe pwostitiye dèyè li yo, lè yo jwe pwostitiye dèyè Moloc.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 se mwen menm ki p'ap okipe l ankò, li menm ak tout fanmi l. M'ap wete yo nan mitan pèp mwen an, ni li, ni nenpòt lòt moun k'ap vire do ban mwen tankou l pou y'al sèvi Molòk.

Gade chapit la Kopi




Levitik 20:5
13 Referans Kwoze  

Anplis, li te fè wo plas nan mòn Juda yo. Li te fè pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, e li te mennen Juda nan move wout.


Konsa, yo te vin pa pwòp nan abitid yo, e te jwe pwostitiye nan zèv yo.


“Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo,


“Leve zye ou pou wè mòn toutouni yo epi gade: “Se ki kote yo pa t kouche ak nou? Akote chemen yo, ou te chita tann yo. Tankou yon Arab nan dezè, ou te pouri peyi a ak pwostitisyon ou ak mechanste ou.


Epi Mwen va bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo.


“Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap fikse fas Mwen kont nou pou malè, menm pou koupe retire tout Juda.


Mwen va pini li pou jou Baal yo, kote li te brile lasan nan, lè l te abiye tèt li ak zanno ak bijou yo, pou l swiv moun ki renmen li yo, epi tebliye Mwen” deklare SENYÈ a.


Paske manman yo te fè pwostitisyon. Li ki te fè yo aji san wont, paske li te di: ‘Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo, ki ban m pen ak dlo mwen, lenn ak len mwen, lwil ak bwason mwen.’


“‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’


Yo p ap fè sakrifis yo ankò bay kabrit a zidòl demon avèk sila yo fè jwèt pwostitisyon yo. Sa se yon règleman pou tout jenerasyon pa yo.”’”


Men si moun nan peyi a ta janm tolere moun sa a lè li bay nan pitit li yo bay Moloc, e pa mete l a lanmò,


“‘Epi pou moun ki vire vè moun k ap fè kontak ak mò yo, ki swiv lespri dyab yo, pou yo jwe pwostitiye avèk yo, Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a e Mwen va koupe retire li de pèp li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite