Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 2:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Alò, prèt la va pran nan ofrann sereyal la, pati komemoratif la, e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Prèt la va pran yon moso nan ofrann lan ki va sèvi pou Senyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, l'a boule li sou lotèl la. Se yon ofrann yo boule nèt pou Senyè a, bon sant li fè li plezi.

Gade chapit la Kopi




Levitik 2:9
19 Referans Kwoze  

Answit, li va pote li bay fis Aaron yo, prèt yo. Li va pran ladann de men plen nan farin fen ak lwil avèk tout lansan li an. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen kòm yon pati komemoratif la sou lotèl la, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi.


Answit, li va leve soti de li yon men plen avèk farin fen ofrann sereyal la, avèk lwil li ak tout lansan ki sou ofrann sereyal la, epi li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, yon odè santi bon, kòm yon ofrann souvni bay SENYÈ a.


Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon bwason k ap ofri kòm sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.


Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.


pou m kapab yon sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an.


Ou va ofri anlè nan lafimen tout belye a sou lotèl la; li se yon ofrann brile a SENYÈ a; li se yon sant ki dous; yon sakrifis pa dife pou SENYÈ a.


Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.


“Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”


“Leve, O nepe, kont bèje Mwen an, e kont nonm nan ki byen pre M,” deklare SENYÈ dèzame yo. Frape bèje a pou mouton yo ka gaye; epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.


Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.


Ou va pote yon ofrann ki fèt avèk bagay sa yo bay SENYÈ a. Li va prezante a prèt la, e li va pote li devan lotèl la.


Prèt la va ofri nan lafimen pati pou tout moun sonje a, yon pati sereyal moulen ak lwil li, avèk tout lansan li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a.


Answit, li va retire tout grès li, jis jan grès la te retire nan sakrifis ofrann lapè yo; epi prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la pou yon odè santi bon pou SENYÈ a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li, e li va vin padone.


Li va pote li bay prèt la, e prèt la va pran men plen de li kòm yon pati komemoratif, pou ofri li nan lafimen sou lotèl la, avèk ofrann bay SENYÈ a pa dife. Li se yon ofrann peche.


Nou va mete lansan san tach nan chak ranje pou li kapab yon pati komemoratif pou pen an, menm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.


Konsa, prèt la va pran yon men plen nan ofrann sereyal la kòm ofrann tout moun sonje, li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, e apre, li va fè fanm nan bwè dlo a.


Men zantray li yo avèk janm li yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va brile li nèt sou lotèl la kòm yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite