Levitik 2:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen2 Answit, li va pote li bay fis Aaron yo, prèt yo. Li va pran ladann de men plen nan farin fen ak lwil avèk tout lansan li an. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen kòm yon pati komemoratif la sou lotèl la, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a. Gade chapit la1998 Haïtienne2 Lèfini, l'a pote li bay prèt yo, pitit Arawon yo. Yonn nan prèt yo va pran yon ponyen nan farin melanje ak lwil la, pou Senyè a pa janm bliye nonm ki fè ofrann lan. Se yon ofrann danre yo boule nèt pou Senyè a, bon sant li fè li plezi. Gade chapit la |
Men sila ki touye yon bèf la, li tankou sila ki touye yon moun nan; sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an, li tankou yon moun ki kase kou a yon chen; sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an; sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la. Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo, e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.