Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Levitik 2:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 “‘Okenn ofrann sereyal, ke nou pote devan SENYÈ a p ap fèt avèk ledven, paske nou pa pou lofri nan lafimen okenn ledven ni siwo myèl kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Piga ou janm ofri bay Senyè a ofrann manje ki gen ledven ladan l. Piga ou janm sèvi ni ak lèdven, ni ak siwo myèl nan ofrann w'ap boule nan dife pou Senyè a.

Gade chapit la Kopi




Levitik 2:11
19 Referans Kwoze  

Yon ti kras ledven fè tout boul pen an vin leve.


Antre tan an, apre anpil milye moun te rasanble ansanm jiskaske youn t ap mache sou lòt, Li te kòmanse pale a disip Li yo dabò: “Veye ledven Farizyen yo ki se ipokrizi.


Nou pa pou ofri san a sakrifis Mwen ansanm avèk pen ledven. Ni grès fèt Mwen an pa pou pase lannwit pou rive nan maten.


pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.


Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman.


Li te avèti yo pou di: “Veye byen! Fè atansyon kont ledven Farizyen yo, ak ledven Hérode la!”


Li pa bon pou bwè anpil siwo myèl, ni li pa bon pou chache pwòp glwa pa w.


Èske ou te jwenn siwo myèl? Manje sèlman kont ou, pou ou pa gen twòp pou vomi li.


Fis mwen, manje siwo myèl, paske li bon; wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.


La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.”


Jésus te di yo: “Veye e fè atansyon pou ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”


“Ou p ap ofri san sakrifis Mwen yo avèk pen leve, ni kite sakrifis ki pou fèt Pak la rete jis rive nan maten.


Ou va pran yo sòti nan men pa yo, e ou va ofri yo anlè nan lafimen sou lotèl la, tankou yon bagay ki santi bon devan SENYÈ a: li se yon ofrann pa dife pou SENYÈ a.


Men zantray li yo avèk janm yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi prèt la va ofri tout nèt, e ofri li nan lafimen sou lotèl la. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Prèt la dwe abiye an vètman len fen pa li a, e li va mete sou vètman li touprè chè li. Konsa, li va pran sann dife yo nan ofrann brile a pou dife a ki vin redwi sou lotèl la e plase yo akote lotèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite